Dokiman sa a fè pati akò ki genyen ant ou menm ak Deriv e li dwe li ansanm ak Kondisyon Jeneral Itilizasyon nou an pou kliyan yo ("Kondisyon Jeneral yo"). Nenpòt tèm ki defini nan kondisyon adisyonèl sa yo gen menm siyifikasyon yo genyen nan Kondisyon Jeneral yo.
1. Entwodiksyon
1.1. Kondisyon adisyonèl sa yo aplike pou tout kliyan ki gen yon kont ak Deriv (BVI) Ltd.
1.2. Si gen nenpòt enkoyerans oswa diferans ant kondisyon adisyonèl sa yo ak/oswa nenpòt lòt dokiman ki fè pati Akò a, kondisyon adisyonèl sa yo pral pran priyorite pou kont ou ak Deriv (BVI) Ltd.
1.3. Deriv (BVI) Ltd. gen lisans anba Securities and Investment Business Act pou fè sèvis envestisman, e li otorize e regile pa British Virgin Islands Financial Services Commission ("BVIFSC").
2. Jesyon lajan ou
2.1. Nou ka itilize lajan ou pou satisfè obligasyon nou genyen nan fè maj, ajiste, oswa regle tranzaksyon derive ou yo.
2.2. Nou kenbe lajan ou nan kont bank ki separe ak kont operasyonèl nou yo. Nan ka fayit, nou gen aranjman prè ant nou menm ak konpayi paran nou an ki pral, omwen, kouvri tout obligasyon nou dwe kliyan yo.
3. Egzekisyon lòd
3.1. Dapre kondisyon lisans nou an, nou pral kontrepati tranzaksyon ou an. Nou ka aji swa kòm ajan pou kont ou lè n ap egzekite lòd ou yo, oswa aji kòm prensipal, kote nou pral sèl venn egzekisyon pou tout tranzaksyon ou yo.
3.2. Lè yon lòd fèt pou achte oswa vann yon enstriman sou kont Deriv MT5 ou, lòd ou a ka pase bay yon founisè likidite ki bay sèvis pou nou.
4. Kesyon jeneral
4.1. Si ou gen yon kesyon konsènan kont tranzaksyon ou ak Deriv (BVI) Ltd., ou ka kontakte nou atravè Sant Èd nou an oswa lè ou chat ak yon reprezantan atravè live chat.
4.2. Nou angaje nou pou rezoud kesyon ou an nan pi vit tan posib e nou apresye pasyans ou pandan n ap pran tan pou rezoud pwoblèm nan.
4.3. Si nou pa rive rezoud kesyon ou an oswa ou santi repons nou an pa satisfezan, ou ka soumèt yon plent ofisyèl bannou, lè ou swiv pwosesis ki dekri nan seksyon «Plent» pi ba a.
5. Plent
5.1. Si ou vle depoze yon plent konsènan Sèvis nou yo, ou ka voye detay ki gen rapò ak plent ou an bannou nan complaints@deriv.com. Nou pral envestige demann ou an e voye ba ou yon repons final nan yon peryòd 15 jou travay apati dat nou resevwa plent lan.
5.2. Si plent ou an gen yon karaktè enpòtan (gade pi ba a) e nou pa rive rezoud plent ou an nan yon fason ki satisfè ou nan yon peryòd 3 mwa apati dat nou resevwa plent ou an, ou ka eskalade plent ou an bay BVIFSC.
5.3. Dapre Seksyon 69B(1) nan Kòd Regilasyon an, yon plent konsidere gen yon karaktè enpòtan lè li reklame youn oswa plizyè nan sa ki swiv yo:
5.3.1. Yon vyolasyon yon regleman regilasyon;
5.3.2. Move fwa, movèz pratik, oswa move konduit nan men moun ki gen lisans lan oswa youn nan direktè, anplwaye, oswa ajan li yo;
5.3.3. Repetisyon oswa retou yon zafè ki te deja fè objè yon plent (kit li enpòtan oswa non); oswa
5.3.4. Ke moun k ap fè plent lan te sibi, oswa ka sibi, yon pèt finansye ki materyèl an relasyon ak sitiyasyon finansye pa li.