N ap bay pri epi regle tout kontra yo yon fason egzat ak san patipri, dapre done ki fyab, san reta san rezon, pou kliyan yo kapab fè konfyans nan pri yo sou tout sit entènèt la.
N ap fè sistèm kesye nou yo travay yon fason ki pi flidi posib, pou trete depo ak retrè yo yon fason efikas epi rapid.
Objektif nou se bay kliyan nou yo sistèm fyab ki gen gwo disponiblite ak fèb latans, menm sou rezo done mobil ki gen fèb vitès. Nou bay bon sekirite ak konpatibilite ant aparèy pou tout aparèy debiwo ak mobil prensipal yo.
N ap fè jefò pou ofri sèvis chat an dirèk 24/7 pou fè ajan yo disponib pou nenpòt kliyan ki mande yon chat. Ajan yo ap resevwa fòmasyon pou reponn kesyon ki pètinan sou sèvis la.
N ap trete tout kliyan yon fason egal, kèlkeswa peyi yo soti oswa gwosè kont yo.
Si gen nenpòt plent, objektif nou se rezoud pwoblèm lan rapid epi avèk entegrite.
Objektif nou se rete konpetitif nan pri pou tout pwodwi ak sèvis nou yo.
N ap klè sou tout frè ak chaj yo.
Si yon kliyan gen dwa jistman resevwa pwofi potansyèl oswa balans, epi pa gen okenn enkyetid fwod, li ta dwe kapab retire lajan sa yo lè l vle.
N ap sèvi ak lang senp nan tout pwodwi, sèvis, ak kominikasyon nou yo.
N ap transparan sou tèm tout kontra yo pou kliyan yo kapab fè chwa byen enfòme
N ap transparan sou tout risk ki gen nan tranzaksyon paske nou vle kliyan nou yo fè chwa byen enfòme dapre nivo risk yo aksepte.
N ap transparan sou kijan nou fè lajan, ki gen ladan lè nou se yon kontrepati nan tranzaksyon oswa nou aji kòm yon bwokè.
Eksperyans tranzaksyon demo nou an ap reprezante tranzaksyon lajan reyèl, espesyalman pou pri kontra ak restriksyon tranzaksyon.
N ap onèt nan piblisite nou yo. Nou pap sèvi ak imaj siksè finansye ki pa reyalis nan materyèl maketing nou yo.
Nou pap bay okenn opinyon sou direksyon mache a oswa si yon tranzaksyon patikilye apwopriye.
Nou pap enplike ke tranzaksyon rezoud pwoblèm finansye yon moun oswa ka jenere yon revni fyab. N ap klè ke pa gen okenn rannman garanti oswa san risk nan tranzaksyon.
N ap refize aksè pou moun minè epi n ap mete an plas pwosesis pou idantifye kliyan k ap fè tranzaksyon pi wo pase kapasite finansye yo.
N ap mete an plas kontwòl ki pètinan pou anpeche aktivite ilegal sou platfòm nou yo.



