
Tranzaksyon kripto ap pran plis jarèt ane apre ane, epi li ofri trader yo fleksibilite, sekirite ak bèl opòtinite. Men pou moun ki poko janm eseye sa, move lide ki gaye yo ka fè li parèt konplike oswa twò difisil pou rive ladan l. Ann mete verite a klè epi demanti twa mit ki pi kouran sou fè tranzaksyon ak kripto!
Mit 1: Posede kripto koute chè
Pa vrèman! Menmsi pri Bitcoin ka parèt entimidan, ou pa oblije achte yon Bitcoin antye pou ou kòmanse. Ou ka posede ti fraksyon ladan l yo rele satoshis. Pa egzanp, sou Deriv, montan tranzaksyon minimòm pou Bitcoin se sèlman 0.0001 BTC, ki aktyèlman vo mwens pase $5!
Anplis, gen yon lòt fason pou fè tranzaksyon kripto san ou pa bezwen mete yon gwo kapital depi nan kòmansman: fè tranzaksyon ak CFDs avèk levye. Sa pèmèt ou louvri pi gwo pozisyon ak yon pi piti kapital depa, sa ki fè tranzaksyon kripto pi aksesib pase sa ou ta ka panse.
Mit 2: W ap bezwen aprann yon mache tou nèf
Ou panse kripto se yon mond ki totalman diferan? Pa nesesèman! Si ou deja konnen kijan pou fè tranzaksyon sou forex, aksyon, oswa lòt mache yo, kripto se tou senpleman yon lòt kategori aktif pou ou ajoute nan estrateji ou.
Pwosesis la sanble: Chwazi mache ou a, chwazi tip tranzaksyon ou an, epi jere risk ou. Ou ka menm itilize kriptomonè yo pou fè tranzaksyon sou lòt mache tankou forex oswa endis sentetik yo. Donk, ou pa nan aprann yon sistèm tou nèf. Ou jis ap ajoute yon lòt zouti nan estrateji tranzaksyon ou.
Mit 3: Sèl fason pou jwenn plis kripto se achte l
Achte kripto se sèlman yon fason pou posede l, men se pa sèl fason an. Lè ou fè tranzaksyon ak kriptomonè sou mache tankou forex oswa endis sentetik yo epi ou resevwa yon peman, ou ogmante balans kripto ou.
Se menm jan ak lè ou fè pwofi an lajan fiat. Sèlman fwa sa a, pwofi ou an kripto. Lè ou fè tranzaksyon byen kalkile, ou ka fè kantite kripto ou genyen an grandi san ou pa fè lòt acha anplis.
Eksplore tranzaksyon kripto ak yon kont demo Deriv gratis
Kriptomonè yo ap chanje fason nou fè tranzaksyon, epi yo ofri nouvo opòtinite ki ale pi lwen pase lajan fiat tradisyonèl yo. Lè ou konprann verite ki dèyè mit sa yo, ou ka eksplore tranzaksyon kripto avèk konfyans epi ak yon nouvo pèspektiv.
Dekouvri tout kriptomonè ki disponib pou fè tranzaksyon sou Deriv yo, epi louvri yon kont tranzaksyon pratik gratis jodi a!
Quiz
Ki jan yo rele pi piti inite Bitcoin nan?


