
Forex gendwa sanble yon ti jan entimidan, men an reyalite li pi aksesib pase sa ou ta ka panse. Imajine tèt ou nan yon gran mache entènasyonal byen anime, men se pa epis ak souvni y ap vann, se lajan ki soti toupatou nan mond lan!
Ki sa forex ye?
Forex, ki se abrevyasyon pou «foreign exchange», se tou senpleman pwosesis pou achte ak vann diferan lajan. Se mache finansye ki pi gran e ki pi aktif nan mond lan, ak plizyè bilyon dola k ap negosye chak jou.
Poukisa mache forex la egziste?
Imajine ou se yon konpayi ameriken ki vle achte pwodui nan men yon fabrikan chinwa. Ou bezwen peye yo an Yuan chinwa, men se Dola ameriken sèlman ou genyen. Se la a mache forex la antre an je. Se yon rezo mondyal bank, koutye, ak enstitisyon ki ede konvèti yon lajan an yon lòt.
Echanj sa a fèt toutan, toupatou nan mond lan, pou pèmèt komès ak envestisman mondyal fonksyone san pwoblèm.
Kijan trading forex fonksyone?
Gras ak teknoloji modèn, trading forex kounye a aksesib pou tout moun atravè platfòm an liy tankou Deriv. Men ide de baz la:
- Lajan yo vini an pè: Ou toujou negosye yon lajan kont yon lòt, tankou Ewo kont Dola ameriken (EUR/USD) oswa Liv britanik kont Yen japonè (GBP/JPY).
- Ou fè prediksyon: Èske yon lajan ap pran valè oswa pèdi valè parapò ak lòt la?
- Ou achte oswa ou vann: Si ou panse Ewo a ap monte parapò ak Dola a, ou «achte» pè EUR/USD a. Si li monte vre, ou vann li nan yon pri ki pi wo epi ou fè yon pwofi. Si li desann, ou ka fè yon pèt. Ou ka fè lekontrè tou. Vann an premye epi rachte nan yon pri ki pi ba.
Poukisa fè trading forex?
Donk, ki sa ki fè trading forex popilè konsa? Men kèk rezon:
- Aksyon 24/5: Forex ouvè 24 èdtan sou 24, senk jou pa semèn. Ou ka fè tranzaksyon nenpòt lè sa mache ak orè ou.
- Fasil pou antre, fasil pou soti: Se yon mache ki gen anpil likidite, sa vle di toujou gen achtè ak vandè. Sa fè li pi fasil pou antre ak soti nan tranzaksyon yo.
- Divèsifikasyon: Forex ka konplete pòtfèy trading ou ansanm ak aksyon oswa lòt kategori aktif.
Quiz
Ki sa ki yon karakteristik kle nan tranzaksyon forex?


