Ale dirèk nan kontni prensipal la
Leson
7
Pwodui derive | Debitan

Platfòm trading DBot

Dire
8
minit


Nan dènye leson kou sa a, nou pral eksplore Deriv Bot, yon solisyon pwisan san kòd ki pèmèt ou kreye estrateji trading otomatik san efò epi sezi opòtinite trading 24/7. Lè yo itilize fonksyon senp glise-depoze «blòk» yo, trader nan tout nivo eksperyans ka bati estrateji pèsonalize ki reponn ak bezwen trading yo.
‍

Entwodiksyon sou Deriv Bot

Deriv Bot fèt pou li fasil pou itilize, li ofri yon entèfas entwitif pou trader yo otomatize estrateji trading yo san yo pa bezwen konpetans nan pwogramasyon.
‍

Aksè nan Deriv Bot

Pou kòmanse avèk Deriv Bot:

  1. Konekte sou kont ou nan Trader's Hub Deriv la.
    ‍
  2. Chwazi «Deriv Bot» nan opsyon ki disponib yo pou jwenn aksè nan Tablo Kontwòl Bot la.

Yon fwa ou antre, ou pral jwenn plizyè opsyon pou kòmanse pakou trading ou a.
‍

Fonksyonalite Tablo Kontwòl Deriv Bot la

Lè ou antre nan Tablo Kontwòl Deriv Bot la, ou pral wè kat opsyon prensipal:

  • Chaje Estrateji ki Egziste yo: Enpòte estrateji depi nan «Òdinatè mwen» oswa «Google Drive».
    ‍
  • Estrateji Rapid: Fason ki pi rapid pou mete yon bot trading an mach lè w itilize modèl estrateji ki deja defini.
    ‍
  • Konstriktè Bot: Pou itilizatè avanse yo, sa pèmèt ou kreye estrateji pèsonalize depi nan baz.
    ‍

Estrateji Rapid

Fonksyon Estrateji Rapid la divize chak bot trading an de eleman prensipal:

  1. Modèl Estrateji: Sa detèmine kijan bot ou a pral ajiste montan tranzaksyon an apre chak tranzaksyon selon rantabilite a.
    • Men kèk egzanp Modèl Estrateji:
      • Martingale: Double montan tranzaksyon an apre yon pèt pou rekipere depans yo.
        ‍
      • D'Alembert: Ajiste montan tranzaksyon an selon yon inite fiks, li ogmante l apre yon pèt epi li diminye l apre yon tranzaksyon pwofitab.
        ‍
      • Oscar's Grind: Konsantre sou reyalize ti pwofi regilye.
        ‍
      • Reverse Martingale: Ogmante montan tranzaksyon an apre yon tranzaksyon pwofitab epi diminye l apre yon pèt pou maksimize seri pwofitab yo.
        ‍
      • 1-3-2-6: Swiv yon modèl fiks pou montan tranzaksyon an apre plizyè tranzaksyon pwofitab youn apre lòt.
  2. Paramèt Tranzaksyon: Paramèt sa yo presize aktif k ap negosye a, kalite tranzaksyon an, kondisyon acha yo, montan tranzaksyon inisyal la, dire a, limit pwofi a, ak limit pèt la.

Konfigirasyon Estrateji Ou a

Apre ou fin chwazi modèl estrateji ou a epi ranpli paramèt tranzaksyon ki nesesè yo, annik klike sou «Lanse» pou demare bot ou a. Asire w ou pratike nenpòt estrateji sou yon kont demo anvan pou amelyore apwòch ou epi bati konfyans ou.
‍

Itilizasyon Konstriktè Bot la

Pou moun ki enterese pèsonalize estrateji yo pi plis toujou, Konstriktè Bot la ofri fonksyonalite avanse:

  • Espas Travay (Kanva): Se la ou glise epi depoze blòk yo pou kreye fonksyon espesifik pou bot ou a.
    ‍
  • Meni Blòk yo: Klase an paramèt tranzaksyon, kondisyon acha, kondisyon vant, ak kondisyon pou rekòmanse fè trading. Chak blòk gen enstriksyon espesifik ki gide fason bot la fonksyone.
    ‍

Egzanp Fonksyon Blòk yo

  1. Paramèt Tranzaksyon: Defini sou ki mache pou fè trading, kalite kontra yo, ak montan tranzaksyon yo.
    ‍
  2. Kondisyon Acha: Presize ki lè bot la dwe antre nan tranzaksyon yo selon kritè ou yo.
    ‍
  3. Kondisyon Vant: Bay enstriksyon sou kijan bot la dwe aji pandan tranzaksyon an aktif.
    ‍
  4. Kondisyon pou Rekòmanse Fè Trading: Konfigire sa k ap pase apre fen yon kontra anvan ou kòmanse yon nouvo.
    ‍

Konklizyon

Avèk Deriv Bot, ou gen yon zouti pwisan nan men w pou kreye estrateji trading otomatik ki adapte ak stil trading ou ak preferans ou yo. Lè w itilize Estrateji Rapid la ak Konstriktè Bot la, ou ka etabli yon apwòch sistematik pou fè trading sou platfòm Deriv la.

Sonje byen pratike sou yon kont demo pou asire w ou konprann tout detay estrateji ou chwazi yo anvan ou pase nan trading reyèl. Nan pwochen leson nou an, nou pral eksplore kijan pou egzekite estrateji trading sou òf sentetik Deriv yo lè nou itilize opsyon yo. Mèsi dèske w te patisipe nan leson sa a, epi bon trading!

Quiz

Ki pi gwo avantaj ki genyen lè w itilize Deriv Bot?

Ki sa estrateji Martingale la enplike?

Ki fonksyonalite ki pèmèt pèsonalizasyon avanse pou estrateji trading yo nan Deriv Bot?

Analyse markets with AI-powered insights

Explore TradersView
WhatsApp